Money Printer Academy se inik kote ou reyèlman aprann kreye BIZNIS SOLID pou transfòme viw, vi fanmiw ak moun ki nan antouraj ou…

Business Partners ki kwè nan nou:









KIYÈS CHACHOU YE?
Non pam se Jean Chachou Tanis, yon ekspè nan Digital Marketing, men m plis espesyalizem nan E-commerce/dropshipping depi plis pase 5 lane, e biznis mwen yo deja fè plis pase 1,5$ milyon dola ameriken (5+ milyon reyal) ak modèl sa.
Menm jan ak tout moun ki vin nan peyi etranje san okenn strikti, m te konnen anpil moman difisil nan lavim, m fè 5 an ap travay di nan konpayi, ap leve a 4è di matin epi retounen lakay tou fatige a 4è aprè midi.
Depi lèm kòmanse nan biznis anliy an 2019, m deja vann nan plis pase 100 peyi a travè mond lan, nan plis pase 30 monè diferan.
Jounen jodia, m moutre plis pase 200 ayisyen kijan pou kreye biznis anliy pou resevwa lajan an dola, euro, etc…
E moun sa yo jounen jodia a rele: GAMECHANGERS paske yo kòmanse chanje vi yo ak tout fanmi yo menm jan avèm.
Konnen istwa konplè aMPA se premye fòmasyon an kreyòl Shopify Education Partners rekonèt nan tout mond lan. Se pa kado men se paske Shopify kwè nan nou.

Se pa teyori, men se estrateji reyèl ki deja vann plis pase 1 milyon dola ameriken sou mache a pouw nèke pran epi aplike.

Aprann ak moun ki gen store reyèl k’ap fonksyone e ki deja vann plizyè milyon sou mache. Se pa moun k’ap diw yo fè menw pa janm wè rezilta.

Pilye 1
Depi premye jou anndan platfòm nan, elèv la ankouraje pou devlope mentalite ki kòrèk pou reyisit.

Pilye 2
Konesans ki nan platfòm sa a deja ede mwen ak elèv yo fè plis pase $2.500.000 nan vant sou entènèt.

Pilye 3
Dè milye gamechangers ini otou de yon sèl objektif: pwofite opòtinite entènèt la ofri pou chanje vi yo, vi fanmi ak antouraj yo.

Pilye 4
Nan MPA, reve se premye etap la; aji se dezyèm nan. Konsa, reyisit ou se yon kesyon de tan. Rèv san aksyon se ilizyon.
Se pa foulay, sa se rezilta moun ki fè pati kominote GAMECHANGERS la.
nan 2 mwa ak Coaching Kolektif
Brezil
nan 7 jou ak FNG

Etazini
nan 30 jou ak FNG

Haiti
M rekòmande’w gade kèk nan pwodui nou genyen ki disponib yo.

AKSÈ ANLIY · 1 ANE
Aprann SEO, Meta Ads, Google Ads ansanm ak tout sa ki genyen nan Ecom Start. 2 live pa mwa, kominote prive ak aksè dirèk ak ekip MPA an.
MWEN VLE FNG
STORE KONPLÈ + 30 PWODUI
Resevwa yon store konplè ki kreye ak tèm pwofesyonèl ki gen banner, logo, palèt koulè ki pare pouw lanse.
KONFIME PLAN YO
TIKTOK DARK + TIKTOK SHOP
Aprann monetize kont ou (TikTok Dark) ak vann kòm afilye sou TikTok Shop. Se yon fòmasyon ki diferan de TikTok Ads ki deja nan Ecom Start.
APRANN PLIS
AKONPAYMAN PÈSONALIZE · 90 JOU
Siw son moun ki deja ap vann menw bezwen pase nan yon lòt nivo. Resevwa estrateji avanse pou escale, kontak dirèk avèm nan Call e kòm garanti nap edew jiskaske ou fè premye $10.000 nan vant ou.
VERIFYE PLAN YORepons nou toujou ak kesyon ki toujou plis poze yo.
Wi. Ecom Start eksplike tout bagay de zewo, ou pa bezwen konnen anyen sou dropshipping anvan.
Non. Nou montrew kijan pou kòmanse ak ti envestisman epi itilize pwofi yo pou grandi. Envestisman an vin nesesè sèlman lè ou vle akselere rezilta yo.
Ecom Start la 100% gratis, san kat kredi, san angajman. Nou patajel gratis paske nou vlew wè valè travay nou anvan ou deside al pi lwen ak youn nan pwogram ki pi avanse tankou FNG, Coaching, etc…
Wi. Metòd yo aplikab kèlkeswa peyi kote w’ap viv, paske w’ap vann pou kliyan atravè lemond, pa sèlman nan peyi kotew ye a.
Sa depann de objektif ou, men pifò elèv kòmanse ak 1 oswa 2 èdtan pa jou, epi ogmante lè yo wè premye rezilta yo.
Sa depann de efòw, men anpil elèv jwenn rezilta nan 30 a 60 jou lè yo swiv etap yo san sote anyen.
E sa a, ou ka chanjel jodia menm ak Money Printer Academy.
Kòmanse Gratis ak Ecom Start